Réveillons-Nous Chrétiens · Chant nº 10
Ki moun ki kapab mete bane
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Ki moun ki kapab mete bane
Ki moun ki kapab mete yon frin
Ki moun ki kapab mete muso
Pou m pa chante parol Bondie (le tout 3 fois)
Zanmi m kape koute se temwayaj map ba ou
Ou doue fe atantion pou tande parol sa a
Pou jan lavi m te ye pat gen espwa pou mwen
aksepte parol la, parol la te chanje m
Maksepte parol la, parol la transfome m.
Parol la telman bon, se li kree siel la
Parol la telman bon, se li kree te ya
Parol la telman bon, li kree pie bwa yo
Bondie selman pale, tout bagay te kree
Bondie selman pale, tout bagay te kree.
Ill
Depi okomansman la parol la te la
Te ya pat ko kree la parol la te la
Abraram pat ko fet la parol la te la
Tout kote mwen pase fom pale parol sa
Tout kote mwen pase fom koze koze sa a.