🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 13

Letènèl Konnen Kretyen Satan Genyen Pisans

Kreyòl
Couplet 1

Kretyen, Letènèl konnen

Satan genyen pisans

Li fè nou nan prezans li,

Lave nou toulejou

Priye veye jou e nwi,

Satan pa nan dòmi.

Jezi la toulejou

Si n konfye n nan li sèl.

Refrain

Jezi sove nou, li delivre nou,

Jezi la, li avèk nou, li pa pi lwen. (2 fwa)

Couplet 2

Lè m te chita nan Legliz,

M te di m ansyen;

M te mete baryè

Pou levanjil pa preche,

Kris konnen moun li chwazi

Pou preche levanjil

Fòk mwen preche levanjil,

Jezi ban mwen pisans.

Couplet 3

Levanjil ki pou preche

Pou kè yo konvèti

Fòk se pas an ak lachè

Lògèy, filozofi.

Obeyisans nan lafwa

Ak pisans Sentespri

Sentespri la toutan

E li va ede nou.

Couplet 4

Lè m t ap chwazi relijyon

M te chaje ak lògèy,

Moun pa t pale avèk mwen

Pou m pat bay repons,

Lè Jezi rantre nan kè mwen.

Mwen vin chanje konplètman.

Kris fè m konnen l pran chay mwen

Se pou m rete kote l.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible