🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 16

Yon Jour Nou Te Konvèti

Kreyòl
Couplet 1

Yon jou nou te konvèti,

Ala yon bèl jou sa;

Jezi te padone nou,

Li te ban nou lafwa,

Nou te di: M ap swiv

Jezi pou letènite

Eske nou toujou fidèl?

Eske nou kretyen vre?

Refrain

O, nou pa kapab preche lemon

Si nou gen peche

Se poutèt sa n ap mande Bondye

Pou yon revèy

Fidèl yo, misyonè yo,

Pastè yo, se vre,

N a wè pisans Seyè a

Lè nou gen yon revèy

Couplet 2

Nou gen tan pou nou travay

Nou gen tan pou nou jwe;

Poukisa li si difisil

Pou n jwenn tan pou n priyè

Pap nou vle beni nou

Bib la di konsa:

Mande, chèche, e frape

E ou va resevwa.

Couplet 3

Si ou santi ke ou refwadi,

Si w dekouraje,

Kounye a se tan favorab

Pou ou rechofe,

Konfese peche sa a ki fè ou tonbe

Jezi va padone ou

E ou va gen lajwa.

Couplet 4

Gen yon peche tankou pwazon

Li trè danjere,

Li ka touye legliz si nou kite l antre

Tripotay, se peche sal

Fòk nou fèl sispann

Lè nou sispann eskandal

Pisans la va desann.

Couplet 5

Nou batize, nou manm legliz

Nou santi nou bon,

Men malgre sa nou manke anpil benediksyon

Louvri Bib la nan Malachi chapit twa

Se pou n peye ladim.

Se Bondye ki mande sa.

Couplet 6

Tout moun bezwen yon revèy;

Nou tout bezwen vin sen

Paske yon jou Jezi va parèt

Ak zanj li yo,

Fòk wòb nou pi e san tach,

Fòk nou sanktifye;

Nou tout rete fidèl,

Jouktan jou sa a va rive.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.