Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 27
O Ala Mwen Boulvèse
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
O! ala mwen boulvèse,
O! Ala mwen artiste (2 fwa)
Se lè nan kè m.
Kris pa pran premye plas,
Tout bagay chanje pou mwen.
Couplet 2
O! Poukisa li ale?
O! Poukisa l kite m sèl? (2 fwa)
Se lè mwen fè sa k pa nan volonte l
Li fè m santi li pa la.
Couplet 3
O! Ala yon bon Jezi!
O! Wi mwen santi li bon! (2 fwa)
Kòm lapawòl la di nou sa klèman
Li chatye moun li renmen.
Couplet 4
O! Annou tout byenneme
Chèche konprann sa li vle, (2 fwa)
Lè sa a nou p ape janm fè li fache
Tout bagay va byen mache.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir