🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 41

Lè Mwen Sèl E Dekouraje

Kreyòl
Couplet 1

Lè mwen sèl e dekouraje,

Lè m pa gen moun pou mwen konfye m

Mwen konnen Jezi, li toujou la pou l ede mwen.

Lè Jezi la, tout tristès ale

Nanm mwen poze

Lespri m vin lib,

Mwen konnen Jezi

Li toujou la pou l ede mwen.

Refrain

Se Jezi sèl ki ka konprann mwen

Se Jezi sèl ki ka ede m

E pwoteje m nan tout traka nan lavi sa a

Se Jezi sèl ki kenbe men m

Se Jezi sèl ki sekouri m

Se Jezi sèl, wi li menm sèl

Ki konn bezwen m.

Couplet 2

Si ou bezwen li Jodi a,

Ou mèt pwoche vin bò lakwa

Mwen konnen Jezi,

Li toujou la pou l ede ou

Ou mèt pote pwoblèm ou ba li

E li va rezoud tout pou ou

Mwen konnen Jezi

Li toujou la pou l ede ou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible