🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 47

Sipoze Bondye Te Chèche Nan Syèl

Kreyòl
Couplet 1

M Sipoze Bondye te chèche nan syèl

Li pa te jwenn pèson kite vle

Aksepte pou l fè yon sakrifis konsa

Pou l te bay vi l pou te sove mwen ak ou.

Refrain

O! Si se pat pou yon plas

Yo rele mòn kalvè

E Si se pa te sou bwa lakwa

Si se pat pou nonm sa yo rele Jezi a

Wi pou toujou mwen menm ak ou ta pèdi.

Couplet 2

M si kontan li te aksepte bwè koup anmè

Malgre priyè pou te fè l pase lwen l

M si kontan li pa t rele zanj nan syèl yo

Pou vin wete klou k t ap toumante men l yo.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :✝️ Mort de Jésus