🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 61

Le lavi m sanble tri, le m chaje ak pwoble

Kreyòl
Couplet 1

Lè lavi m sanble tris,

Lè m chaje ak pwoblèm

Se sou jenou m mwen konn jwenn lajwa

Pesonn sou latè sa a pa kapab ede mwen

Sèlman Senyè ka fè tout pou mwen.

Refrain

Ou menm ki di frape e ou va louvri

Ou menm k ap vin chèche m

Pou m al nan syèl,

Sonje mwen chè Jezi nan wout lavi sa a

O sonje mwen! sonje mwen souple!

Couplet 2

Tout bagay sou latè

Va pase, zanmi mwen

Pawòl Bondye, li va toujou la

Ou menm ki gen tan toujou, vini jwenn Jezi

Fè atansyon pou li pa twò ta.

Couplet 3

Ane yo pase vit, tan yo vini pi kout

Si yo vle di Jezi ap vini

Ou menm k ap sèvi Kris Annou swiv li chak jou

Talè konsa l ap vin chèche nou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible