Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 68
Mwen kanpe sou tout pwomès de Kris
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Mwen kanpe sou tout pwomès
Jezi, Wa mwen,
Pandan letènite
M ap chante louwanj Li.
Glwa nan tout syèl la
Sa va sijè chan mwen,
Mwen kanpe sou tout pwomès Bondye.
Refrain
Kanpe, kanpe, mwen kanpe sou
Tout pwomès Bondye fè nou
Kanpe, kanpe, wi mwen kanpe
Sou tout pwomès Bondye.
Couplet 2
Mwen kanpe sou tout pwomès
Ki pa fayi,
Lè move tanpèt
Ak tout krent vle koule m,
Gras Pawòl Bondye
M a sòti venkè,
mwen kanpe sou tout pwomès Bondye.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir