🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 7

Pou Ki \Moun Pale Kristal Sa-a

Kreyòl
Couplet 1

Pouki moun palè Kristal sa a?

Se pou mwen ak Jezikri,

Pouki moun fotèy annò yo?

Se pou mwen ak rachte yo

Refrain

Se yon bèl palè Kristal

Avek anpil chèz annò

Pou tout moun ki vle ale

Avek Senyè Jezi.

Couplet 2

Jerizalèm nan bèl anpil,

Li pi bèl pase dyaman.

Li soti kote Bondye menm

E li gen tout glwa Bondye.

Couplet 3

Pa bezwen solèy ak lalin

Pou klere nou jou e nwit

Men laglwa Bondye va briye

Ekla li va yon flanbo.

Couplet 4

P ap gen krent, doulè, ak touman;

Ni lanmò, ni maladi.

Medizans, kout lang va fini,

Se lajwa lanmou san fen.

Couplet 5

Ala yon bèl jou sa va ye

Lè twonpet la va sone.

Pou tout mò an Kris yo leve;

Pou y al rankontre Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🕊️ Funérailles et consolation