🎵 Chants d’Espérance

Réveillons-Nous — Kreyòl · Chant nº 80

Ou bezwen Konnen

Kreyòl
Couplet 1

Mwen renmen chante yon si bèl istwa,

Depi Kris te sanntifye mwen,

E nanm mwen te jwenn yon kado, lajwa,

Depi Kris te sanntifye mwen.

Refrain

Mwen p ap janm bliye,

Jou sa a Jezi sove m,

Jezi sove m, Jezi sove m

Mwen p ap janm bliye,

Jou sa a Jezi sove m

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 2

Tout dout ak krent mwen efase

Depi Kris te sanntifye mwen

Anfen li te konble m ak gras Li

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 3

Plezi lemonn vin pa enterese m

Lè Jezi te sanntifye m

Lespri Bondye vin abite nan mwen

Lè Jezi te sanntifye mwen.

Couplet 4

Mwen pa kapab fè tripotay sou frèm yo,

Depi Kris te sanntifye mwen,

Mwen pa ka fè tripotaj sou sè m yo,

Depi Kris te sanntifye mwen.

Couplet 5

Kò mwen vini yon tanp pou Sentespri a

Depi Kris te sanntifye mwen,

Mwen pa ka viv nan peche sal ankò

Depi Kris te sannfifye mwen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible