🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 1

Redanmtè mwen mouri sou lakwa

Kreyòl
Couplet 1

Redanmtè mwen mouri sou lakwa

Pou moun kapab viv ki resevwa

Li vin rachte tout moun nan peche

Si nou kwè nou pape kondane

Refrain

Lè Bondye wè yon pechè (bis)

Tout kouvri avèk peche l

Met lafwa l nan Jezi, li padonnen l.

Couplet 2

A ! Ou mèt pi mechan sou latè

Kè ou mè di tankou yon bout fè

Si ou vin jwenn Jezi pou Sovè

Tout syèl la kontan ou delivre

Couplet 3

Bondye bon, Li ban nou Pitit Li

Pandan nou gen lavi repanti

Paske Kòlè Bondye se dife

Kouri vin sòti anba malè.

Couplet 4

Vi ou dwe pwòp tankou Jezikri

San L va lave ou, wa gen Lespri

Vini, vini, tan an ap pase,

Si ou mize twòp, sa ou va fè ?

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible