Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 2
San pa Jezi gen gran valè
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
San pa Jezi gen gran valè,
Li ban nou padon;
Jezi vle sove tout pechè,
Delivre l tout bon.
Refrain
San an koule pou tout pechè,
Rebèl kont Bondye;
San pa Jezi gen gran valè,
Se sa ki rachte m.
Couplet 2
Èske chay peche ou trè lou,
Rouj kon kramwazi?
Jezi kapab netwaye kè ou,
Fè ou pu kou li.
Couplet 3
Kounye ye a nou kapab antre
Nan prezans Bondye,
Asire ke san pa Jezi
Wete tout peche.
Couplet 4
Ak san an nou kapab brize
Tout puisans Satan;
Ak san an nou kapab trouve
La pe pou tout tan.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir