🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 3

Si ou vle krase tout kòd vye peche

Kreyòl
Couplet 1

Si ou vle krase tout kòd vye peche,

Gen fòs nan san Kris, (2 fwa)

Si ou vle vinkè sou tout mechanste.

Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Refrain

Oui, gen fòs, fòs, oui gen fòs anpil

Nan san Kris krusifie,

Oui, gen fòs, fòs, oui gen fòs anpil

Nan presie san Kris, Lanyo Bondye.

Couplet 2

Si ou vle kite pasion ak lògeèy,

Gen fòs nan san Kris, (2 fwa)

Sous Kalvè a kapab lave tout peche,

Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Couplet 3

Si ou vle jete tout feblès la chè,

Gen fòs nan san Kris, (2 fwa)

Bon zèv ou pap fè ou chape lanfè,

Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

Couplet 4

Si ou vle sèvi Bondye fidèlman,

Gen fòs nan san Kris, (2 fwa)

Moun ki chante laglwa li etènèlman,

Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible