Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 4
Jezi lese m mache ak ou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Jezi lese m mache ak ou,
Byen kontan pou m fè sèvis ou
Di mwen tout sekrè ou genyen
Ede m pa enkyè pou demen,
Montre m ede kè moun ki pè
Avèk bon pawòl ou Seyè
Gade m toutan nan bon chemen
E kondwi mwen jiska la fin.
Couplet 2
Fè m gen plis pasyans tankou ou,
Gade m tou prè ou toulejou
Pou mfè travay mwen ak lafwa
E konfyans ou ki bay viktwa,
Nan espwa ou ki kon solèy,
Klere tout bagay sou la tè,
Nan lapè ou sèl ka ban nou,
Lese m viv, Jezi, tou prè ou.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir