Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 100
Lè Jezi mouri sou Kalvè
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Lè Jezi mouri sou Kalvè,
Lè Kris mouri se te pou mwen.
Mwen mande m, eske m-a konnen
Konbyen mwen dwe, konbyen mwen dwe?
Konbyen mwen dwe lamou san fen?
Konbyen mwen dwe, ka Kris pou mwen?
Mwen konnen sa li fè pou mwen;
Mwen pa ka di konbyen mwen dwe.
Sove mwen, nan Jetsemani,
Te pase pi gran agoni.
Se pou mwen soufrans sa te ye,
Kouman pou m di konbyen mwen dwe?
Se te lanmou li gen pou mwen
Ki fè l soufri yon mo onte.
Lè tout san kò li te koule,
Li sove mwen, konbyen mwen dwe!
Lè m-a rive nan syèl la tou,
Rete avèk li pou toujou,
Mwen mèt pale di mil anne;
Mwen pap fin di konbyen mwen dwe.