Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 99
Mwen vle rakonte tou patou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Mwen vle rakonte tou patou
Koman Jezi renmen mwen;
Sou la tè li vini yon jou
Pou li bay vi li pou mwen
Refrain
Se yon bèl istwa n ap rakonte,
Jezikri mouri pou nou.
An nou chante, an nou adore
Yon Wa ki si renmen nou!
Couplet 2
Mwen te pèdi, li sove mwen,
Li te wè jan m-tap soufri;
Ak bra li, li antoure mwen,
Li pran mwen sou zepòl li.
Couplet 3
A! byen souvan mwen akable
Lavi abat kouraj mwen;
Men mwen pa pè, Jezi tou pre
Pou rekon-fòte nanm mwen.
Couplet 4
Toujou Jezi se Sovè mwen,
E kan lè a va rive
Pou m ale we Redanmtè mwen,
Se avèk jwa mwen prale.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir