Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 112
O Sovè, ou te pran kè mwen
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Refrain
O Sovè, ou te pran kè mwen
Kounye a, mwen pou ou.
Lavi, lajwa, lapè, tout sa
Se nan ou mwen jwenn yo.
Refrain
Kè mwen ap chante toulejou,
Paske Lespri mwen lib nan ou.
Nanm mwen plen ak lanmou pa ou,
Senyè, mwen jwenn repo chak jou.
Couplet 1
Sentespri abite nan kè m,
Mwen pa gen krent nonplis.
Tout fado peche m ale,
Mwen apiye sou Kris.
Couplet 2
Kè mwen debòde ak lanmou,
Mwen konnen mwen pou ou.
Devan twòn gras ou m ajenou
Pou priye ou chak jou.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir