🎵 Chants d’Espérance🏠 Accueil

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 113

Sou mòn Kalvè, Senyè Jezi

Kreyòl
Couplet 1

Sou mòn Kalvè, Senyè Jezi,

Je mwen wè lakwa ou,

Senyè mwen gen yon dezi:

Senyè, sèvi ak mwen.

Senyè sa rèd pou moun peri

Epoutan mwen fè kè mwen di.

Senyè Jezi, mwen priye ou,

Sèvi ak mwen.

Couplet 2

Senyè, Jezi, sou mòn kalvè

Mwen wè dèt mwen regle.

Ou menm yo klouwe, ki mouri

Men ki resisite.

Jezi, ou gen kay nan Syèl la,

Ki pare pou sa yo ki kwè

Senyè Jezi, netwaye mwen,

Sèvi ak mwen.

Couplet 3

Senyè, lemonn plen ak peche

Ban m fòs pou m viv lafwa,

Fè m chèche nanm egare yo;

Ban m gras ou pou m fè sa

Lè lavi m fini, m aprale

Rankontre nanm mwen te jwenn yo

M ap tande w di: “Ou te fè byen!”

Sèvi ak mwen.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible

⏳ Préparer le chant suivant

Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.

Ce chant convient pour :🙌 Consécration