🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 114

Chè Senyè, kinbin men m, Ede mwen rete fèm

Kreyòl
Couplet 1

Chè Senyè, kenbe men m, ede mwen rete fèm

Mwen bouke, m fatige, tèlman.

Nan loraj, nan fènwa, klere wout la devan m ;

Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive

Couplet 2

Lè chemen m difisil, e m bezwen ou anpil

Senyè, rete la tou pre mwen.

Lè mwen prèt pou ale, ede m pou m pa bite,

Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.

Couplet 3

Lè solèy la kouche, e nwit la ap pwoche,

E tout lavi mwen va fini,

Ede m pa gen regrè, nan ou sèl mwen konfye m,

Kenbe men m, chè Senyè, fè m rive.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙏 Prière