Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 135
Ti reyon bèl solèy la
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Bèl ti reyon solèy sa a,
Ki moun ki fè w klere konsa?
Se Bon Papa nou. (2 fwa)
Ti zwazo ak bèl koulè,
Ki moun ki fè w chante tout lè?
Se Bon Papa nou. (2fwa)
Refrain
Se Bondye nan Syèl ki Papa nou,
Se li ki fè nou, li plen lanmou.
Couplet 2
Bèl ti flè k ap rejwi nou,
Ki moun ou konnen ki fè ou?
Se Bon Papa nou. (2fwa)
Bèl ti rivyè k ap koule,
Ki moun ki fè w, èske ou konnen?
Se Bondye Papa nou. (2 fwa)
Couplet 3
Timoun ti figi byen fre,
Ki moun ki fè kè ou si lejè?
Se bon Papa nou. (2 fwa)
Ki moun montre ou chante
Kou ti zwazo ki toujou ge?
Se bon Papa nou. (2 fwa)
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir