🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 22

Senyè Bondye, mwen vle lavi m

Kreyòl
Couplet 1

Senyè Bondye, mwen vle lavi m

Ka ranpli ak lwanj,

Nan tou sa m ye, ak tou sa m fe,

Ple ou tankou le zanj.

Couplet 2

Se pa Selman lwanj lèv mwen

Ni Sèlman lwanj kè,

Mwen mande ou ede m ofri

Lwanj ou a tout è.

Couplet 3

Mwen vle loue ou tout tan, menm

Nan bagay odi-nè;

Chak kou mwen soti ou rantre,

Epi nan tou sa m fè.

Couplet 4

Fè ke tout pati nan mwen menm;

Ko nanm avèk Lespri,

Kap chante lwanj ou, Senyè,

Malgre m-fèb e piti.

Couplet 5

Se kon sa, Senyè, mwen menm menm,

Va glorifie ou,

E m-va komanse sou la tè

Chan ki pou le syèl tou.

Couplet 6

Tout la joune avèk lan nuit,

Va sen, le m fè kon sa,

M-va gen yon komunion pafè

Ak ou, menm isi ba.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible