🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 23

Mwen kanpe sezi nan prezans

Kreyòl
Couplet 1

Mwen Kanpe Sezi Nan Prezans

Jezi, redamptè beni;

Konman li te kapab renmen m,

Mwen menm, yon pechè inpi!

Refrain

Se mèveye! Se admirab!

Ma va chante pou toujou.

Se mèveye! Sè admirab!

Lanmou Jezi gen pou nou.

Couplet 2

Se pou ,mwen l-ale nan jadin,

Priye pou mwen ta sove

Li pa te kriye pou li menm;

Pou mwen se san li te sue.

Couplet 3

Li te pran peche ak pinn mwen,

Konm si tou sa te pou li;

Li pote you tout nan Kalvè,

Se la l-soufri, li mouri.

Couplet 4

Lè mwen wè fas li nan siel la,

Ak rachte yo nan la laglwa,

Mwen va vle chante lanmou li;

Se nan sa ma jwenn tout lajwa.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible