🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 27

Senyè Bondye ki Papa nou

Kreyòl
Couplet 1

Senyè Bondye ki Papa nou,

Ki renmen tout moun tou,

Padonnin nou tout bagay fou,

Chanje vi nou yo tou patou,

Rann nou pi sanble ou.

Couplet 2

Ede nou montre yon la fwa,

Kon moun yo ki ak lajwa,

Nan Galile te swiv la vwa

Jezi, lè l ofri yo yon chwa,

La fwa o lie la lwa.

Couplet 3

Jete sou non yon bèl roze,

Yon Lespri plin la pè.

Kalme nanm yo ki anouye,

E ba yo tout trankilite,

Avèk serenite.

Couplet 4

Wete nan nou tout fo dezi,

Ki pa fè ou plezi,

Ban nou frechè nou ka santi

Nan kè nou, e pale san brui,

Dous vwa lè Sint-espri.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible