🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 28

Lanmou Bondye pi gran pase

Kreyòl
Couplet 1

Lanmou Bondye pi gran pase

Tou sa lang moun ak zanj kap di;

L-ale pi lwen pase zetwal,

Li jwenn moun ki te fin pèdi.

Pitit Bondye chache moun ki

Nan la pinn ak peche;

Si yo rekonnèt peche yo,

Li prêt pou padonnin.

Refrain

Lanmou Bondye se rich , se pu;

Li san mezi, li fò;

Lanmou sa a dure tout tan,

Se kantik tout zanj yo.

Couplet 2

Lè tout jou ak lanne pase,

Lè tout tronm tout wa fin tonbe;

Lè moun ki pa priye jodi

Va chache mwayin pou sove;

Lamou Bondye va la toujou,

Li a san mezi li a fò;

Li a fòs Bondye pou sove nou,

Li a kantik tout zanj yo.

Couplet 3

Si nou te kapab chanje la mè

Kon lank nan syèl la pou n-ekri;

Si tout bwa sou la tè te plum,

E tout moun te kapab ekri;

Pou yo ekri lamou Bondye

Ta fin seche la mè,

E syèl la pa ta kapab kinbe

Tout zèv lamou l te fè.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible