🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 30

Mwen menm se yon moun telman mizerab

Kreyòl
Couplet 1

Mwen menm se yon moun telman mizerab,

Koman m-kab prezante devan Bondye m?

Parèt dèvan tròn li konman m-kapab?

Sepandan, men l yo lonje pou rele m.

Couplet 2

Lè mwen vle mache nan chemen le syèl,

Se lè peche vini pou mwen trouble;

Poutan, mwen tande yon mo ki si bèl:

Repanti, koue, e ou va delivre.

Couplet 3

Vwa m-tande la, se vwa Jezi li menm,

Se men li yo ki lonje pou sove m;

Pou nou kapab padonnin se nan li menm,

E se li menm tou ki kapab purifie m.

Couplet 4

Mwen pa gen angin, e m doue ou telman!

Pou tèt sa mwen gen kichòy pou ba ou:

Menm jan ak Mari, ma montre kouman

M-rinmin ou paske ou padonnin m tou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible