🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 33

Senyè, pale mwen pou m pale

Kreyòl
Couplet 1

Senyè, pale mwen pou m pale

Tankou yon eko vwa ou menm.

Ban m la pè ou ki tèlman dous,

Kite m chache, menm jan kon ou,

Pitit ou, ki pèdi, ki sèl.

Ou menm ban mwen bèl paròl ou.

Avèk tout moun ki an detres.

Refrain

Gide m, Senyè, pou m ka gide

Pie moun ki pran move chemen.

Ban m manje, pou m kapab nouri

Moun ki grangou, ak la ma-n ou.

Ranpli mwen jan ou plin, Senyè,

Jouk kè m kapab debode tou,

Pou rakonte gran lanmou ou

Nan panse e nan bèl parol.

Couplet 2

Ban mwen fòs pou m rete fidel,

Kanpe sou yon ròk, fèm ak ou,

Pou mwen kapab lonje men mwen

Ede moun kap bat nan lavi.

Sèvi ak mwen, men mwen, Senyè,

Kondwi mwen tout kote ou vle,

Jouk tan mwen wè fas beni ou,

Pou m pataje laglwa ak lajwa ou.

Couplet 3

Senyè, montre m tou sa ki bon,

Pou mwen montre lè zòt yo tou,

Inspire sa mwen di, e fè

Parol mwen yo touche kè yo.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible