Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 35
Kè mwen ap chante kantik chak jou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Couplet 1
Kè mwen ap chante kantik chak jou
Paske Jezi pa pi lwen;
Li di mwen kou sa: Mwen avek ou,
Ou pa gen dwa pè anyen.
Refrain
Jezi, Jezi, Jezi,
Non pi dous pou mwen,
Ma chante lanmou li.
Kè m kontan, m pa pè anyen.
Couplet 2
Mwen pa te manke konn fè rebèl
Kont tout pasians Jezi Kris;
Jodi a mwen genyen asirans,
Se te nan plas mwen l-mouri.
Couplet 3
O, ki gran lanmou ki fè li vle
Padonnin mwen tout peche!
O, Senyè, fè m rai tout peche,
Devan ou pou mwen mache.
Couplet 4
Yon jou li a vini pou resevwa m
Nan kay l nan si bèl syèl la.
Ma kite tè sa ak yon gran lajwa;
Ma wè li an ro jou sa.
🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Flèches ◀ ▶ ou Espace pour avancer · toucher à droite / à gauche de l’écran · Échap pour sortir