🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 36

Bèje mwen, se yon Wa damou

Kreyòl
Couplet 1

Bèje mwen, se yon Wa damou,

Bonte li pap janm fini.

Si se li menm ki Sovè mwen,

Mwen pap janm manke anyen.

Refrain

Kote dlo a koule pi fre,

Se la li va kondwi moui,

E se kote zèb yo pi bèl

Li mete paturaj mwen.

Couplet 2

Mwen te fou, lè mwen te kite l: Men, li menm ale chache m,

E sou zepol li, li pote m

Biin kontan, ak li m-tounin.

Couplet 3

Menm si mwen wè lan mo an fas,

Mwen pape pe yon ti kras.

Gran baton ou ap proteje m,

Kwa ou devan ap gide m.

Couplet 4

Ou ranje yon supèb kouvè

Pou mwen, devan tout lènmi m

Ou manje ak mwen, Ou ban m bouè

Dlo ke syèl la sèl genyen.

Couplet 5

Ninpot ki sa ki kapab rive,

Jiska la fin ma swiv ou.

Epi nan syèl ma va chante

Gras ou ki pa janm fini.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible