Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 41
Jezi, se nan prezans ou
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Jezi, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi.
Ou konsole m nan gran tristès.
Ou se lajwa m la jounen, e chan mwen lannuit.
Ou ban m espwa, Sali, richès.
Bon Bèje, kote ou gade mounton ou
Pou bay yo patiraj lamou?
Pouki sa mwen kriye nan santie lan mò
Ou rete nan dezè san ou?
Pouki sa m-bezwen gaye isit san ou
Pou kriye nan dezè pou pen?
Detrès mwen va yon la lajwa pou enmi ou
E yo va rejwi nan penn mwen
Lè l gade genyen di mil zanj ki rejwi,
E anpil ap tann parol li.
Lè l pale tout etènite anvayi
Avèk lwanj de Jezi-kri.
Bon Bèje, mwen tande e mwen va swiv ou
Ma mache ak ou pa la fwa.
Kenbe m e defann mwen, mwen pou ou toujou
E nan ou ma toujou an lajwa.