🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 42

M-ap gade ou ak fwa

Kreyòl
Couplet 1

M-ap gade ou ak fwa,

Lanyo Bondye sou bwa,

Sovè si dous.

Koute mwen lè m priye,

Lave m nan tout peche;

Depi jodi mwen vle

Mwen tout pou ou.

Couplet 2

Ban m gras pou rafrechi m;

Fòs ke mwen afebli

De tan-zan-tan.

Kòm ou mouri pou mwen,

Se pou lamou mwen gen

Pou ou, rete san fin

Yon flanm vivan.

Couplet 3

Tenèb kouvri chemen m,

Doule patou kote m;

Gid mwen se ou.

Fè nwa tounin limyè;

Wete kriye doule,

Pa janm lese m kite

Bò kote ou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible