Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 67
Lè mwen te chache Bon-dye
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Lè mwen te chache Bondye,
Yon pòv pechè pèdi,
Pou mande l padon peche m
O non Sovè Jezi,
Li koute tout kri kè mwen,
Tou suit Li fè m kontan;
Paske Jezi pran fado m
E Li te ban m yon chan.
Wi Jezi te pran fado m
Mwen pat kapab pote,
Wi Jezi te pran fado m,
Li peye dèt peche.
Tout krent mwen yo te sòti,
Li fè kè m tout kontan;
Paske Jezi pran fado m
E Li te ban m yon chan.
Pafwa chemen an glisan,
Gen pa ki difisil,
Pafwa mwen fèb, mwen bouke,
Zeprèv mwen pa fasil;
Men lè m ajenouye mwen,
«Senyè mwen, jouk ki tan?»
Lè sa Jezi pran fado m,
Toujou Li ban m yon chan.
Yon jou tristès te kraze m,
Mwen pèdi tout espwa.
Chaj doulè ak touman mwen
Te sanble tròp, mil fwa.
Lè sa yon vwa vin pale m,
«Ou pou mwen sètenmen.»
Lè sa Jezi pran fado m,
E Li te ban m yon chan.
Ma mèt tout konfyans nan Li,
Li konnen tout chemen.
Li va gide m ak je Li
Nan pelerinaj mwen.
E ma pale nan syèl la
Pou tout syèk ak tout tan
Koman Jezi pran fado m
E plen kè m ak yon chan.