Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 68
Ban mwen kè ou, di Bondye nan syèl la
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Ban mwen kè ou, di Bondye nan syèl la,
Pa gen lòt kado pi bon pase sa,
Dousman Li rele ou kote ou ye;
Mete konfians nan mwen, ban moun kè ou.
Ban mwen kè ou, (2 fwa)
Dousman Li pale ou kote ou ye;
Nan lemonn tenèb Li vle minnin ou,
Dousman Li pale ou: Ban mwen kè ou.
Ban mwen kè ou, di Jezi, Sovè nou,
Nan mizèrikòd Li rele ankò:
Kite peche ou e tout move zèv,
Mwen te mouri pou ou, ban mwen kè ou.
Ban mwen kè ou, di Lespri, Trè dousman,
Tou sa ou genyen ban m kinbe l pou ou,
Mwen gen anpil gras pou ba ou chak jou.
Konsakre tout bagay, ban mwen kè ou.