🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 69

Lè ou konnen bon Sovè mwen

Kreyòl
Couplet 1

Lè ou konnen bon Sovè mwen,

Lè ou aksepte lanmou li

Kè ou va chante avèk lajwa,

Lè ou konnen Jezi.

Refrain

Lè ou konnen l, (2 fwa)

Ou-a renmen l kòm nou zòt yo, tou;

Kè ou va chante lwanj Li,

Lè ou konnen Jezi nou.

Couplet 2

Lajwa Li va rejwi ou chak jou,

Limyè Li tonbe sou rout ou,

E promès Li va dous pou ou,

Lè ou konnen Jezi.

Couplet 3

Ou-a konpran mizèrikòd Li,

Ou-a santi la pè Li toujou,

Lan mò pa genyen pè pou ou,

Lè ou konnen Jezi.

Couplet 4

Ou-a wè Li kondwi nan bon rout

Ou-a kite l kondwi ou toujou,

Ou-a rakonte tou sa Li fè,

Lè ou konnen Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible