Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 86
Pi bon zanmi m se Jezi
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Pi bon zanmi m se Jezi,
Lanmou li si gran, si vre;
Janmen Li abandonnin m
Nan tou sa mape fè.
Souvan mwen fè l la pinn nan vi m;
Pou mwen li bon Sovè;
Lè m repanti, li padonnin m;
Alò mwen gen la pè.
Pi bon zanmi mwen sou la tè, se Jezi,
Pi bon zanmi mwen sou la tè, se Jezi,
Li lave peche m, pou l minnin m nan syèl;
Lanmou Jezi si bèl.
Pafwa syèl mwen plin ak nuaj,
Tout chemen mwen fè nwa,
Fas li kache ak lonbraj
Lè mwen pa gen la fwa.
Nan lamou li priye pou mwen,
Kè mwen vin soulaje
Paske li wete tout chagrin;
Tout la pinn mwen ale.
Mwen vle chante lanmou li,
Lanmou Jezi pou mwen,
Bonte l, fidelite li,
Pou yon peche kon mwen.
Kouman m-kapab remèsie li
Pou lanmou li anvè mwen?
Se pou m renmen l e sèvi li,
Swiv li pre, janmen lwen.