🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 87

Mwen kontan jodi a, gen solèy

Kreyòl
Couplet 1

Mwen kontan jodi a, gen solèy nan kè m;

Tout krint ak dout yo pase;

Jezi di kon sa: ninpòt moun ki vle

Mèt jwenn mwen pou l sove.

Refrain

Nan Jan twa sèz « kikonk » vle di mwen,

« kikonk » vle di mwen,

M ap mete non mwen la.

Nan Jan twa sèz « kikonk » vle di mwen;

Mwen ladan! Alelouya!

Couplet 2

Mwen kontan jodi a, gen espwa nan kè m;

A Jezi mwen vle rann laglwa,

Paske li ban m la viktwa sou peche m;

Nan kè m li sèl se Wa.

Couplet 3

Lanmou li mèvèye! Gras li mèvèye!

Pou mwen – Jezi te mouri.

Mwen te renmen lè monn, m-te pèdi nèt,

Jouk tan li te fè m lib.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible