🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 90

Kite lè mon-n byen lwen ou

Kreyòl
Couplet 1

Kite lemonn byen lwen ou

Vini, vini avèk nou;

N ap fè yon nouvo pa chak jou, (2 fwa)

Pou Siyon, patri nou. (2 fwa)

Refrain

N ap fè wout pou Siyon,

Bèl Siyon, peyi Sovè nou!

Kretyen, annavan pou Siyon,

Se bèl, se bèl peyi nou.

Couplet 2

Nan Syèl la, bèl mizik la,

Avèk bèl kantik yo tou,

K ape kondwi lame Syèl la, (2 fwa)

Va rejwi n tou, yon jou. (2 fwa)

Couplet 3

Pou ranpòte laviktwa,

Se pou nou swiv Jezikri;

Chak sòlda gen pou resevwa, (2 fwa)

Laglwa lè l fin soufri. (2 fwa)

Couplet 4

Jezikri, Redanmtè a

Enstale sou gran twòn li

L ape renye nan tout syèl la (2 fwa)

Ak kouwòn sou tèt li (2 fwa)

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible