🎵 Chants d’Espérance

Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 93

Mape mache sèl ak Jezi

Kreyòl
Couplet 1

Mape mache sèl ak Jezi

Nan yon komunion diven;

Le monn pa kapab fè m plezi,

Mwen pou Kris e Kris pou mwen

Refrain

Mwen te wè li, mwen konnen li!

E Li fè m mache ave l

E Li fè m kado prezans li,

Se yon kado etènel.

Ki gran laglwa, diven prezans Li,

Ki gran lajwa, wè l fas a fas!

mwen ba Li lavi m pou tout tan,

Li te genyen m pa la gras

Couplet 2

Sou montay la mwen te wouè li;

Kris, Konsolatè, Zanmi;

La laglwa vizion sa va rete

Jouk tan lavi mwen fini.

Couplet 3

Nan tout doulè ak feblès mwen,

Magre kè m te fin kraze,

Toujou mwen santi prezans Li,

Li te wete m nan peche.

Couplet 4

Nan tenèb la, nan lonbraj la

Ak sovè la mwen fè rout;

E leson lap ansingnin mwen

Fè m vle swiv li kout ke kout.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible