Chants d'Espérance — Kreyòl · Chant nº 94
Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen ta vle di ou sa Jezi fe pou ke mwen,
Depi mwen te jwenn li kou bon Zanmi mwen;
Mwen ta di jan lavi m te chanje konpletman,
E ke mwen te ranpli avek kontantman.
Peson pat janm renmen mwen kou Jezi,
Pa gen yon lot bon Zanmi kon Li.
Nan pwen lot kapab blanchi peche m ki rouj anpil!
O, a la li te renmen m!
Vi m te tou sal ak peche le Jezi jwenn mwen,
Ke m te plen ak mize, tet mwen te chaje.
Men avek lanmou Li Jezi te vlop emwen,
E li kondwi mwen kote m-te dwe ale.
Chak jou li vin jwenn mwen pou ban mwen asirans;
Jou apre jou mwen pi konnnen lanmou li;
Mwen pap janm konpran pouki lit e vin sove m
Jouk lo nan syel la ma va kontre ak li.