🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 11

mwen genyen yon bagay

Kreyòl
Couplet 1

Mwen gingnin yon bagay

Ki fè kè mwen kontan

Anpil moun etone, pou wè koman m kontan

e ma-p toujou kontan.

espwa m pa sou tè sa-a,

Daprè promès Bondye.

Men m si mwen te grangou,

Pat gen kay pou m rete

Map ret tan-n gran jou sa-a.

Refrain

Pap gen pale fransè, konesans pral fini

Richès pral disparèt, Kris ap vini

Pap gingnin gro mesie,

Pap gingnin gro madan m

Nou tout va men m bagay, lè Jezi va vini

Li pap vini chèche savan ak zotobre

Sèlman li va bezwen sa ki fè volonte l

Yo va men nan la men.

Couplet 2

Anpil moun konvèti, yo pap chèche Bondye

Yape priye sèlman pou kay avèk oto

Pou kay avèk oto, se bagay kap pase

Yo pa priye Bondye

Pou padon peche yo, fòk nou fèt atansyon

Paske kay ak oto

Pap monte gran jou sa.

Couplet 3

Pou kapab al legliz, fòk ou byin abiye

Sak pa gen pou l mete, pa doue chita kote ou

Kè ou ranpli ak ògèy

Sonje sa Kris te di avèk gran Nikodèm

Si ou ta vle gen lavi, fòk ou ne de nouvo

e wa wè rwayòm sa-a.

Couplet 4

La sians ape travay malgre sa se nulman

Sak kon-n fè mechanste ap vini pi mechan

Lòm pa kap chanje lòm sinon san Jezikri

Men m si ou te lougarou

Ou te kon-n tuye moun

Jezi kapab chanje ou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible