Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 10
mwen reve mwen tande
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen reve mwen tande trompèt yo
Ki anonse gran jou jujman an
Mwen reve nasion yo asanble
Pou yo juje devan tròn blan
Yon anj eklatan kite tròn nan
Sou la tè ak la mè li kanpe
Li sèmante ak men dwat sou syèl la
Ke tan-an va suspan-n ekziste.
A la moun pral kriye, rele
Lè koupab yo tande santans la
Yo rele pou montay yo kache yo
Yo priye men se te trò ta.
Non m rich te parèt men lajan li
Depi lontan te disparèt
San anyen dutou nan jujman li
Pou akite yon si gran dèt
Gran nèg te la, men inpòtans li
Pat konte lè la mò mele
Lè zanj la ekzamine achiv li
Non gran nèg pa gen tan mansione.
Vèv yo te la ak òfelin yo
Bondye tande lè yo kriye
Nan pwen tristès janmen nan syèl la
Tout dlo nan zie yo fi-n suye
Tafiatè te la ak banbochè ya
Insi ke moun kape van-n tafia
Wangatè, vòlè ak adultè yo
Tout ansan m te desan-n nan lanfè.
Mesie moral rive nan jujman
Men bon avèv moral li pat sufi
Sa yo ki te krisifie Jezi
Pase pou moun moral osi
e sa yo ki pa te ko pase
Pi ta na gen tan sove oui
Se pa kòlè pou la relijion,
Anfin trouve tan pou l mouri.