Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 9
genyen de monman
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Gingnin de moman nan lavi
Ou santi fèb e dekouraje
Lè la kay blanch san manje
Ou doue plus pase très cheve ou
Voizinaj ap pèsekute ou
Lan nuit kou jounin yap joure ou
Ou santi ou dezespere
San pèson-n ki pou konsole ou.
Sovè-a di nan paròl Li,
Pote tout chaj ou yo ba Li
Lape tan-n ou, de bra l ouvri,
Se pou ou l te mouri.
Souvan maladi vin tonbe
Tristès, la pin-n vin ogmante
Ou nan travay yo revoke ou
Tout zanmi ou yo abandone ou
Nan nuit kou jounnin dlo nan je ou
Wap mande sa ou fè wap peye
Ou vle mouri lanmò pa vle ou
Vin jwen-n Jezi Li a delivre ou.
Yon kretyin gen de lè-k rive
Nou santi-n vrèman boulvèse
Lè tanpèt fi-n debòde
Van ap vante, loraj gronde
Lè bak nou prèt pou l chavire
Nou tonbe sou jnou nou priye.
Sovè-a di l tou prè
Vin seche je-n e konsole-n
Frè m, sè m pa lese ou dekouraje
Lè tout bagay pa jan ou ta vle
Sonje ke Job te eprouve, aprè l te delivre.