🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 8

Si nou sonje lè nou te

Kreyòl
Couplet 1

Si nou sonje lè nou te nan lè mon-n

Nou te nan esklavaj nou pat gingnin espwa

Nou te tankou yon brebi egare

Ki pat gen paturaj

Diab la te minnin nou

Nan tou sa ki pa bon

Men Jezi nan lanmou li te vin mouri pou nou

e Li te rachte nou anba malediksion

Kounye-a nap chante pou nou kap ba Li laglwa

Paske Li delivre nan m nou anba peche.

Refrain

Si ou gingnin problèm pandan nap chante la

Leve men ou anlè, problèm ou va rezoud, Jezi

Jezi, problèm yo nan men Ou

Problèm spirituèl, problèm santimantal

Problèm materièl, yo tout yo nan men Ou

Gen moun ki san manman,

Gen moun ki san papa

Se òfelin yo ye, yo tout yo nan men Ou

Jezi problèm yo nan men Ou

Si ou gingnin la fwa ou mèt desan-n men ou

O non de Jezi problèm ou yo va rezoud, Jezi

Couplet 2

Lè mon-n alèz, yo di yo san problèm

Men yo tout pè mouri

Paske vi yo pa pròp

Nou men m kretyin nou kon-n gen ti problèm

Men nou pa pè anyen

Paske Bondye nou-an se matematisi-in

Se Li-k kreye lè mon-n ak tou sa ki ladan l

Li kon-n geri malad, Li kon-n rezoud problèm

Nou pa kapab kompare grandè Bondye nou-an.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible