🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 13

mwen genyen yon zie kap veye

Kreyòl
Couplet 1

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Men m si yo pa wè pèson-n

Mwen pa bezwen pè ni doute

Paske Sovè m ap veye m

Li fè m promès Li avèk mwen

Tou lè jou jiska la fin

Mwen gen yon zie

Kap veye sou mwen tou lè jou.

Couplet 2

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Kan map monte montay yo

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Lè map travèse plèn yo

Li kon-n lè m kouche lè m leve

Sovè m nan pa jan m dòmi

Mwen gen yon zie

Kap veye sou mwen tou lè jou.

Couplet 3

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Men m si kò sa va mouri

Li va ale nan yon lòt kò

Kape prepare pou mwen

Men m lè syèl la ta va fè nwa

Li toujou bò bote mwen

Mwen gen yon zie

Kap veye sou mwen tou lè jou.

Couplet 4

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Men m si map mache nan dife

Li va vlope mwen nan manto L

Pou flan m yo kap pa boule m

Mwen gen yon zie kap veye sou mwen

Men m lè la mè-a move

Couplet 5

Mwen gen yon zie Kap veye sou mwen tou lè jou

e lè jou sa yo va tèmine, lè mon-n sa va fini

Map chita pami tout zanj yo

Pou m loue Bondye mwen-an

Pou m rakonte grandè Li

Mwen gen yon zie

Kap veye sou mwen tou lè jou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible