Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 14
Depi nan tan lontan
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Depi nan tan lontan
Lèzò m te toujou mechan
Kayin tiye Abèl
Se sa-n wè lòm pratike
Jezi vin sou la tè
Pou wete peche kriminèl yo
Yarete l, yo touye l, yo kloure l sou lakwa
elas! elas!
Mwen regrèt sa pou lè mon-n,
Talè konsa, lè mon-n pral boulvèse vre.
elas! elas!
Mwen regrèt sa pou lè mon-n
Talè kon sa, lè mon-n pral dlo nan je.
Akab ak Jezabèl met ansan m Yo touye Nabòt
Akab ak Jezbèl panse Bondye pat wè yo
Sa pat rete konsa Letènèl te kondane yo
Yon ekzanp, yon jujman
Bondye trase sou lòm.
Lezòm fabrike za m
Se pa pou yo detoui pie bwa,
Lezòm fabrike za m
Se pa pou yo detoui zan-imo
Lezòm fabrike za m
Se pou yo detoui lòm parèy yo
Yap touye, yap jete ou,
Kè yo pa jan m sote - elas!
Pou ninpòt ti bagay
Nou wè lòm ap tuye lòm
Pou ninpòt ti plezi
Nou wè lòm ap met kouto sou lòm
Lòm pa kapab gade lòm yon moman
Yo mete ou kadav
epi yap banboche – elas!