Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 3
mwen tap mache nan
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen tap mache nan yon rout
Difisil, plin danje
Lè tout suit mwen fè rankont ak Non m sa
Li di mwen, pitit mwen,
Vini jwen-n mwen, pa mize
M-obei san plignin, e san pè, e Li kinbe men m.
Non Li se Jezi, nan pwen lòt kon Li
Non Li se Jezi, vin adore Li
Sa se sujè kontantman kè mwen
Mwen wè Sovè ya.
Chemen mwen te kòmanse
Vin fasil, byin fasil
Lè mwen vin rekon-nèt se te Non m sa
Ki yon jou Li te bay lavi l
Sou lakwa pou sove m
Kontantman ak la lajwa, plin kè mwen
Mwen wè Sovè ya.
Ki gran jou sa va ye,
Lè La tounin vin chèche m;
Tout kriye, doulè, soufrans va fini
Ma rejwi avèk tout zanj
Nan syèl la pou tout tan.
Malè pou tout sa ki pat jan m vle kwè
Nan sèl Sovè ya.