🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 4

Jezi ou se mèt mwen

Kreyòl
Couplet 1

Jezi ou se mè mwen, Sovè mwen

Ban mwen kouraj pou mwen kapab lute

Chemen an nwa epi li glise

Kòman pou mwen fè si Ou pa ede m.

Refrain

Si Ou pa te la, sa mwen ta fè

Lè m santi mwen tris e dekouraje

Lè tout bagay parèt nwa pou mwen

Ou toujou la pou konsole m.

Couplet 2

Senyè kinbe mwen nan gras Ou

Pou mwen pa tonbe nan vie peche

Nan Ou mwen jwen-n la lajwa

Mwen jwen-n bonè

Couplet 3

Salu etènèl ke m pat kapab achte.

Ki sa ki kapab separe m ak Ou

èske se problèm, se touman, se richès.

Mwen vle viv pou Ou sèl e pou Ou toujou.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible
Ce chant convient pour :🙏 Prière