Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 40
Pi fon, pi fon
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Pi fon, pi fon mwen prale
Nan lamou Jezi Sovè m
Map chèche konnin pouki
Li te tèlman renmen m
Pou ki Li lonje men
Li wete m nan gran peche
Li te sove m, Li te geri m,
Malgre m te byin egare.
Pi fon, pi fon mwen prale
Nan la soufrans de Jezi
Map swiv Li nan jadin an
Kote l te soue san Li
La Li pran fado doulè
Peche lè mon-n antie.
O chè Senyè, Senyè ede m
Pa kite m dekouraje.
Pi fon, pi fon mwen prale.
Nan volonte Jezikri
Map priye, konnin swiv Li.
Pou fè Senyè m plezi
Mwen vle bese devan Li.
Prostène nan pie Li
Fè sa ou vle kase kè mwen
Fè m yon bon vèso tanpri.