Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 41
mwen reve male nan
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen reve m ale nan yon site
Site kote pap gen la nuit
Mwen te wè zanj yo briye nan laglwa yo
Mwen te wè bèl palè kristal la
Mwen te kapab wè frè ansyin mwen yo
Mwen te wè ame selès Kris la
Men sa ki te pi bèl nan vizion an
Mwen rev1—m trouve syèl la pou ou.
Mwen reve m trouve syèl la pou ou
O, oui m trouve syèl la pou ou
èske ou vle prepare ou pou rankontre m la
Mwen reve m trouve syèl la pou ou.
Mwen te wè Kris nan bèl rwayòm Li
Mwen te wè rachte yo avèk Li
Mwen te wè redanmtè beni mwen an
Ki te bay vi Li pou sove mwen
Tout sen yo tap chante yon bèl kantik
Yo tap bay Bondye laglwa chak moman
Mwen te kontan pou m kontanple sen yo
Mwen reve m trouve syèl la pou ou.
e ou men m ki kote ou vle ale
èske ou vle ale nan site sa-a
Kris ap tan-n ou de bra Li louvri
Li vle fè yon plas anro pou ou
Yon jou ou va konvèti, men elas
Li kapab byin tro ta pou ou jou sa
Zanmi, èske ou vle tande vwa Li
Li vle louvri pòt syèl la pou ou.