🎵 Chants d’Espérance

Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 43

Lage m nan dezè-a

Kreyòl
Couplet 1

Lage m nan dezè-a ma val avèk Jezi

Li se bon zanmi mwen li pape jan m tronpe m

Li te mouri pou mwen lap toujou proteje m

Lage m nan dezè-a ma val avèk Jezi.

Refrain

Mwen bezwen ale sèl avèk Sovè mwen

Lè mwen santi m grangou

L'abitue bay la ma-n

Li te mouri e Li min-n nan yon gro trou roch

Lè mwen santi mwen swaf

Roche yo, yo kon-n bay dlo.

Couplet 2

Lè mon-n se ipokrit

Mwen pa bezwen zanmi l

Lè mon-n bezwen lajan

Mwen pa bezwen relasion l

Deja m vle detache m de tout bagay la tè

Lage m nan dezè-a ma val avèk Jezi.

Couplet 3

Mwen kon-n sekrè lè mon-n

Pa gen anyen serie

Se mache makiye pou yo pete lè zòt

Se mache pran vie pwen

Pou yo kapab manje gra

Lage m nan dezè-a ma val avèk Jezi.

Couplet 4

Li te pran-n nan la bou li fè mwen vini pròp

Li voye m kote nou pou mwen chante laglwa Li

Lè mwen sonje jou sa fò m gen rekonesans

Lage m nan dezè-a ma val avèk Jezi.

🎹 Mélodie au piano — bientôt disponible