Écho des Élus — Kreyòl · Chant nº 45
mwen pa kapab bliye
Français — à venir : cette version n’est pas encore disponible. Les paroles sont publiées dans la langue où la source les donne ; la transcription viendra progressivement.
Mwen pa kapab bliye ki kote m te ye
Lè Jezi te jwen-n mwen, lavi m te chanje
Se pou sa map chante paske Li sove m
Si Satan vle bare m ma va rele Jezi.
Jezi va roule roch la
Ki vin bare m nan mò-n la (3 fwa)
e m konnin yon jou sa va chanje.
Mwen pa janmen bliye ki jan sa te ye
Lespri m te boulvèse paske m te mare
Lè m vin jwen-n ak Jezi tout bagay chanje
Roch la te mèt bare m Jezi va delivre m.
Pafoi m kon-n ap kriye devan problèm yo
Mwen desan-n sou jenou map rele Jezi
Mwen tande voi Jezi kap pale avè m
Li di mwen pran kouraj tout bagay va chanje.
Si ou santi ou tris e dekouraje
Ou leve wap kriye ou pa gen espwa
Ou mèt jwen-n ak Jezi la konsole ou
Oui se Li men m ki di Li va roule roch la
Ou te mèt meprize ou pa gen zanmi
Si ou se zanmi Jezi ou gen tout bagay
Lavi ou te mèt tou nwa
Yon jou sa va chanje.
⏳ Préparer le chant suivant
Cherchez le prochain chant pendant que celui-ci se chante, puis touchez « Préparer ». Quand il est prêt, le bouton « ▶ Chant suivant » du projecteur bascule dessus sans interrompre le culte. Astuce : ouvrez cette page dans une autre fenêtre, sur l’écran de la personne qui projette — la recherche ne s’affiche jamais sur l’écran de l’assemblée, et le chant préparé apparaît aussitôt dans le projecteur.